Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 150 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Louwe SENYÈ a!Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a!Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!

2Louwe Li pou zèv pwisan Li yo!Louwe Li selon bèlte a grandè Li!

3Louwe Li ak son twonpèt la!Louwe Li ak ap avèk gita!

4Louwe Li ak tanbouren ak dans!Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!

5Louwe Li ak senbal byen fò!Louwe Li ak senbal k ap retanti!

6Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!Louwe SENYÈ a!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]