Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 128 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,ki mache nan chemen Li yo.

2Lè ou manje nan fwi a men ou yo,ou va kontan e sa va ale byen pou ou.

3Madanm ou ap tankou yon chan rezenki bay anpil rezen lakay ou.Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.

4Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.

5Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!

6Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo!Ke lapè rete sou Israël!

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]