Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 127 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.

1Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,sila ki bati li yo, travay anven.Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,gadyen an rete zye louvri anven.

2Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,pou manje pen a travay di yo,paske se domi Li bay a moun li renmen.

3Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.Fwi a vant la se yon rekonpans.

4Tankou flèch nan men a yon gèrye,Se konsa pitit a jèn yo ye.

5A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]