Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 126 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon chan pou monte vè tanp lan

1Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,nou te tankou sila ki fè rèv yo.

2Nan lè sa a, bouch nou te plenak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.Konsa, yo te di pami nasyon yo:“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”

3SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.Nou kontan.

4Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,kon rivyè nan dezè a.

5Sila ki simen ak dlo nan zye yoVa rekòlte avèk gwo kri lajwa.

6Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan.Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]