Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 125 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon chan pou monte vè tanp lan.

1Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.

2Kon mòn antoure Jérusalem yo,se konsa SENYÈ a antoure pèp Li adepi moman sa a, e jis rive pou tout tan.

3Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo,jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.

4Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki dwat nan kè yo.

5Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo,SENYÈ a va mennen yo sòti avèksila ki fè inikite yo.Ke lapè rete sou Israël.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]