Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 124 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.

1Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,kite Israël di koulye a,

2Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,lè lezòm te leve kont nou yo,

3Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan,lè kòlè yo te limen kont nou an.

4Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.

5Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.

6Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.

7Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazoki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo.Pèlen an fin kase e nou chape.

8Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki tefè syèl la ak tè a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]