Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 142 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 With my voice I cry out to my Father; with my voice I plead with him for mercy. Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a. Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
2 I pour out my complaint before him; before him I tell my trouble. Mwen vide plent mwen yo devan L. Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.
3 When my spirit grows faint within me, it is you who knows my way. In the path where I walk they have hidden a trap for me. Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
4 Look to my right and see—there is no one who recognizes me; no refuge remains for me; no one cares for my life. Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. Nanpwen moun ki pou fè m chape. Nanpwen moun ki pou pran swen m.
5 I cry to you, my Father; I say, "You are my refuge, my portion in the land of the living." Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen, pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
6 Listen to my cry, for I am brought very low. Rescue me from those who pursue me, for they are too strong for me. “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.
7 Bring my soul out of prison, so I can give thanks to your name. The righteous will gather around me, for you will be so good to me. Mennen nanm mwen sòti nan prizon, pou m kab bay remèsiman a non Ou. Moun ladwati mwen yo va antoure mwen, paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]