Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 141 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My Father, I call to you; come quickly to me. Listen to my voice when I cry out to you. O SENYÈ, mwen rele non Ou. Fè vit! Vin kote m! Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
2 Let my prayer rise before you like incense, the lifting of my hands like the evening offering. Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
3 Set a guard, my Father, over my mouth; keep watch over the door of my lips. Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ. Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
4 Do not let my heart turn to any evil, to join in wicked deeds alongside those who do wrong; and do not let me feast on their delicacies. Pa mennen kè m vè okenn mal, pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo. Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
5 Let the righteous strike me—it is kindness; let him correct me—it is oil for my head; my head will not refuse it. Yet my prayer is always against the deeds of the wicked. Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
6 When their rulers are thrown down from the rocky cliffs, then the people will hear my words, for they are pleasant. Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo. Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
7 As one plows and breaks open the earth, so our bones are scattered at the mouth of the grave. Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a, se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a.
8 But my eyes are fixed on you, my Sovereign Father; in you I take refuge—do not leave me defenseless. Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a. Nan Ou, mwen kache. Pa kite nanm mwen san pwotèj.
9 Keep me from the trap they have set for me, from the snares of those who do wrong. Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo, avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.
10 Let the wicked fall into their own nets, while I alone pass by in safety. Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, pandan mwen pase akote.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]