Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 142 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè

1Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.

2Mwen vide plent mwen yo devan L.Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.

3Lè lespri m te fin bat anndan m,Ou te konnen chemen mwen.Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.

4Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.Nanpwen moun ki pou fè m chape.Nanpwen moun ki pou pran swen m.

5Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen,pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”

6“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,paske yo twò fò pou mwen.

7Mennen nanm mwen sòti nan prizon,pou m kab bay remèsiman a non Ou.Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]