Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 11 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Pou direktè koral la; yon sòm David

1Se nan SENYÈ a ke m kache.Kijan ou kapab di a nanm mwen:“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;

2Paske, gade byen, mechan yo koube banza,Yo fè flèch yo parèt sou kòd la,pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.

3Si fondasyon yo vin detwi,se kisa moun dwat yo kab fè?”

4SENYÈ a nan sen tanp Li an.SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.Zye Li veye.Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.

5SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.

6Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli;dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.

7Paske Bondye dwat.Li renmen ladwati.Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]