Side by side with the Father's Heart Bible™ Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
1Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste,Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2Yo pale sa ki fo a youn lòt.Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,ak lang ki pale gwo bagay yo;
4ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.Lèv nou se pou nou.Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;tankou ajan ki teste nan founo,rafine nan tè sèt fwa.
7Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.Ou va prezève yo soti nanjenerasyon sila a jis pou tout tan.
8Mechan yo pwomennen toupatou tout kotelè bagay ki lèd vin leve wopami fis a lòm yo.