Side by side with the Father's Heart Bible™ Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.
1O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,ni ba m chatiman nan fachez Ou.
2Fè m gras, O SENYÈ, paske mwenchagren anpil.Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
3epi nanm mwen fè gwo chagren.Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
4Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape.Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
5Paske mò yo pa rele non Ou.Nan andwa kote mò yo ye a,se kilès k ap bay Ou remèsiman?
6Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo.Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
7Zye m pouri nèt ak gwo doulè.Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
8Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
9SENYÈ a te tande demand priyè mwen.SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
10Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.Yo va vire fè bak sibitman.Yo va vin wont anpil.