Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 4 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David

1Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen;Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an.Fè m gras e tande lapriyè mwen.

2O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?Jiskilè ou va renmen sa ki san valèe tante twonpe moun? Tan

3Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm.SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.

4Tranble, men pa fè peche.Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan

5Ofri sakrifis ladwati yo.Mete konfyans nan SENYÈ a.

6Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

7Ou te mete lajwa nan kè m plis paselè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

8Anpè, mwen va kouche pou dòmi,paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]