Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 3 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a

1O SENYÈ, gade kijan lènmi mwenyo ap miltipliye;Anpil moun leve kont mwen.

2Anpil moun pale de nanm mwen,“Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan

3Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.

4Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan

5Mwen te kouche e dòmi;mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.

6Mwen p ap pè menm dè milye de mounki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.

7Leve, O SENYÈ!Sove mwen, O Bondye mwen!Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo.Ou te kraze dan a mechan yo.

8Delivrans se nan SENYÈ a.Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]