Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Listen to my words, my Father; consider my groaning. Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ. Konsidere refleksyon mwen yo.
2 Listen to the sound of my cry for help, my King and my Father, for I pray to you. Koute bri kri sekou mwen yo, Wa mwen e Bondye mwen. Pou Ou menm, mwen ap priye.
3 My Father, in the morning you hear my voice; in the morning I bring my prayer to you and watch in hope. Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.
4 For you are not our Father who delights in wickedness; evil cannot dwell with you. Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste. Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
5 The boastful cannot stand before your eyes; you hate all who do evil. Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou. Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
6 You destroy those who speak lies; my Father detests the bloodthirsty and deceitful. Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.
7 But I, through the abundance of your covenant love, will come into your house; I will bow toward your holy temple in reverence for you. Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon.
8 My Father, lead me in your righteousness because of those who watch for my fall; make your way straight before me. O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.
9 For there is nothing trustworthy in their mouth; their inmost being is destruction. Their throat is an open grave; they flatter with their tongue. Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.
10 Declare them guilty, my Father; let them fall by their own schemes. Cast them out for their many rebellions, for they have rebelled against you. Kenbe yo koupab, O Bondye. Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe! Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se rebèl yo ye kont Ou.
11 But let all who take refuge in you rejoice; let them sing for joy forever. Spread your shelter over them, that those who love your name may be filled with joy in you. Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan. Kite yo toujou chante ak kè kontan, akoz Ou fè abri pou yo. Kite sila ki renmen non Ou yo kapab fè kè kontan nan Ou.
12 For you, my Father, will bless the righteous; you surround them with favor as with a shield. Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]