Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 47 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.

2Konsa pale SENYÈ a:“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan nòe l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòdejis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,menm vil a sila ki rete ladann.Mesye yo va kriye fò,e tout moun ladann va rele anmwey.

3Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,papa yo pa p retounen pran pitit yo,men men yo va lage nèt ak sezisman.

4Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,retay a kot Caphtor a.

5Gaza vin chòv;Askalon te fin detwi nèt.O retay vale yo!Pandan konbyen de tannou va blese pwòp chè nou?

6“‘Ah nepe SENYÈ a!Pandan konbyen de tanou va refize vin kalm?Ralanti, rantre nan fouwo a;repoze e rete trankil.’

7“Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd?Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;Se la, Li te ranje pou l te fèt.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]