Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The heavens declare the glory of our Father; the skies proclaim the work of his hands. Syèl yo ap pale glwa Bondye a. Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2 Day after day they pour out their words; night after night they reveal knowledge. Jou apre jou, l ap pale san rete; Nwit apre nwit, li revele konesans.
3 There is no speech, there are no words—their voice is never heard. Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl kote nou pa tande vwa yo.
4 Yet their voice goes out through all the earth, their words to the end of the world. In the heavens he has pitched a tent for the sun, Sepandan, eko yo retanti sou tout latè, ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a. Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5 which is like a bridegroom coming out of his chamber, like a champion rejoicing to run his course. ki tankou yon jennonm ki fenk marye k ap sòti nan chanm li. Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6 It rises from one end of the heavens, and its circuit reaches the other; nothing is hidden from its heat. Li leve soti nan yon pwent syèl, pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan. Anyen pa chape devan chalè li.
7 The law of our Father is perfect, refreshing the soul; the testimony of our Father is trustworthy, making the simple wise. Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.
8 The precepts of our Father are right, giving joy to the heart; the commandment of our Father is radiant, giving light to the eyes. Prensip a SENYÈ yo dwat, ki fè kè rejwi. Kòmandman SENYÈ a san tach. Li fè zye yo limen.
9 The fear of our Father is pure, enduring forever; the judgments of our Father are true, and altogether righteous. Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman yo SENYÈ a vrè; Yo jis san manke.
10 They are more desirable than gold, than even the finest gold; sweeter than honey, than honey from the comb. Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.
11 They warn your servant; keeping them brings great reward. Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
12 Who can discern his own errors? Cleanse me from my hidden faults. Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
13 Keep your servant also from willful sins; may they not rule over me. Then I will be blameless, innocent of great rebellion. Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo. Pa kite yo vin domine m. Konsa, mwen kab rete san fot, epi va inosan a gran peche.
14 May the words of my mouth and the meditation of my heart be pleasing in your sight, my Father, my rock and my redeemer. Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]