Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I love you, my Father, my strength. Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
2 My Father is my rock and my fortress and my deliverer; my Father, my rock, in whom I take refuge, my shield, and my saving strength, my stronghold. SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
3 I call upon my Father, who is worthy to be praised, and I am saved from my enemies. Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.
4 The cords of death encompassed me; the torrents of destruction overwhelmed me. Kòd lanmò yo te antoure mwen. Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.
5 The cords of the grave entangled me; the snares of death confronted me. Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen; pèlen lanmò yo te parèt devan m.
6 In my distress I called upon my Father; to my Father I cried for help. From his temple he heard my voice, and my cry to him reached his ears. Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.
7 Then the earth reeled and rocked; the foundations of the mountains trembled and quaked, because he was angry. Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.
8 Smoke went up from his nostrils, and devouring fire from his mouth; glowing coals blazed out from him. Lafimen te sòti nan nen L. Dife a devoran te soti nan bouch Li. Chalè li te limen chabon.
9 He bent the heavens low and came down; thick darkness was under his feet. Anplis, Li te bese syèl la e te desann avèk fènwa byen pwès anba pye Li.
10 He rode on a cherub and flew; he soared on the wings of the wind. Li te monte sou yon cheriben, e te vole; Li te vole sou zèl a van yo.
11 He made darkness his covering, his canopy around him—dark waters and thick clouds of the skies. Li te sèvi fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L. Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.
12 Out of the brightness before him his clouds broke through, with hailstones and coals of fire. Soti nan gran klate devan L, gwo nwaj pwès Li yo, Lagrèl avèk chabon dife te pase.
13 My Father also thundered in the heavens, and the Most High raised his voice, with hailstones and coals of fire. Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo. Pi Pwisan an te fè vwa l sone: wòch lagrèl yo avèk chabon dife.
14 He sent out his arrows and scattered them; he hurled lightning bolts and routed them. Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.
15 Then the channels of the sea were seen, and the foundations of the world were laid bare at your rebuke, my Father, at the blast of the breath of your nostrils. Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.
16 He reached down from on high and took hold of me; he drew me out of the mighty waters. Li te voye soti an wo. Li te pran m. Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
17 He rescued me from my powerful enemy, from those who hated me, for they were too strong for me. Li te delivre mwen nan men advèsè mwen byen fò; de sila yo ki te rayi mwen yo, paske yo te twò fò pou mwen.
18 They confronted me in the day of my disaster, but my Father was my support. Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen, men SENYÈ a te pwotèj mwen.
19 He brought me out into a spacious place; he rescued me, because he delighted in me. Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.
20 My Father dealt with me according to my righteousness; according to the cleanness of my hands he rewarded me. SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
21 For I have kept the ways of my Father, and have not turned away from my Father in wickedness. Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a, epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.
22 For all his rules were before me, and I did not set his statutes aside. Paske tout òdonans Li yo te devan m. Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.
23 I was blameless before him, and I kept myself from wrongdoing. Anplis, mwen te toujou san fot devan L, e mwen te rete lib de inikite m.
24 So my Father has rewarded me according to my righteousness, according to the cleanness of my hands in his sight. Pou sa, SENYÈ a te fè m rekonpans selon ladwati mwen, selon men pwòp ke Li te wè yo.
25 With the faithful you show yourself faithful; with the blameless you show yourself blameless; Avèk sila ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon. Avèk sila ki san fot, Ou vin parèt san fot.
26 with the pure you show yourself pure, but with the crooked you show yourself shrewd. Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou. Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.
27 For you save a humble people, but haughty eyes you bring low. Paske Ou sove yon pèp aflije, men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.
28 For it is you who light my lamp; my Father lightens my darkness. Paske SENYÈ a va lime lanp mwen. Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.
29 For by you I can charge against a troop, and by my Father I can leap over a wall. Paske avèk Ou, mwen kapab kouri sou yon ekip lame. Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.
30 As for my Father—his way is perfect; the word of my Father proves true; he is a shield for all who take refuge in him. Pou Bondye, chemen Li san fot. Pawòl SENYÈ a pase a leprèv. Li se yon boukliye pou tout moun k ap pran sekou nan Li.
31 For who is our Father but my Father? And who is a rock but our Father? Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a? Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
32 It is my Father who arms me with strength and makes my way blameless. Bondye ki mare senti m ak fòs, epi fè chemen mwen san fot la?
33 He makes my feet like the feet of a deer and sets me secure on the heights. Li fè pye m yo vin tankou sèf, epi fè m vin plase kote ki wo yo.
34 He trains my hands for battle, so that my arms can bend a bow of bronze. Li antrene men m pou batay la, jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.
35 You have given me the shield of your salvation; your right hand supports me, and your gentleness has made me great. Anplis, Ou te ban mwen boukliye sali Ou e men dwat Ou te ban soutyen. Se bonte Ou ki fè m gran.
36 You make a wide place for my steps beneath me, and my feet do not slip. Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.
37 I pursued my enemies and overtook them; I did not turn back until they were finished. Mwen te kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo. Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.
38 I struck them down so they could not rise; they fell beneath my feet. Mwen va frape yo jiskaske yo pa kab leve. Yo va tonbe anba pye mwen.
39 You armed me with strength for the battle; you made those who rose against me fall beneath my feet. Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
40 You made my enemies turn their backs to me, and those who hated me I destroyed. Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen; konsa mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
41 They cried for help, but there was no one to save; they cried to my Father, but he did not answer them. Yo te kriye sekou, men pa t gen moun pou sove yo; menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
42 I beat them as fine as dust before the wind; I poured them out like the mud of the streets. Mwen te bat yo kraze fen tankou pousyè devan van; mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.
43 You delivered me from the strife of the people; you made me the head of the nations; a people I had not known now serve me. Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli; Ou te plase mwen kon chèf an tèt a nasyon yo; Yon pèp ke m pa menm konnen, se sèvitè mwen yo ye.
44 As soon as they hear of me, they obey me; foreigners come cringing to me. Depi yo tande, yo obeyi mwen. Etranje yo soumèt devan m.
45 Foreigners lose heart and come trembling out of their strongholds. Etranje yo vin disparèt devan m, epi vin sòti tranblan nan fò yo.
46 My Father lives! Blessed be my rock, and exalted be the Father who saves me, SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an. Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.
47 the Father who gives me justice and subdues peoples under me, Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.
48 who rescued me from my enemies. Yes, you lifted me above those who rose against me; you delivered me from the violent man. Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
49 For this I will praise you, my Father, among the nations, and sing praises to your name. Pou sa, mwen va bay remèsiman a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ, epi mwen va chante lwanj a non Ou.
50 He gives great victories to his king, and shows covenant love to his anointed, to David and his offspring forever. Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]