Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear a just cause, my Father; attend to my cry; listen to my prayer from lips free of deceit. Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
2 Let my vindication come from your presence; let your eyes see what is right. Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou; Kite zye Ou gade avèk jistis.
3 You have searched my heart, you have examined me by night, you have tested me and found nothing; I have resolved that my mouth will not sin. Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
4 As for the deeds of people, by the word of your lips I have kept myself from the paths of the violent. Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo, Mwen te evite chemen a vyolan yo.
5 My steps have held fast to your paths; my feet have not slipped. Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise.
6 I call on you, for you will answer me, my Father; listen to me; hear my words. Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo.
7 Show the wonder of your covenant love, you who save by your right hand those who take refuge in you from their enemies. Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.
8 Keep me as the apple of your eye; hide me in the shadow of your wings, Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou. Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
9 from the wicked who attack me, my deadly enemies who surround me. kont mechan ki depouye m yo, lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
10 They have closed their hardened hearts; their mouths speak with arrogance. Yo fin fèmen kè rèd yo. Avèk bouch yo, yo pale awogans.
11 They have tracked us down and now surround us; they fix their eyes to throw us to the ground. Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache. Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.
12 He is like a lion hungry to tear its prey, like a young lion crouching in ambush. Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa.
13 Rise up, my Father! Confront him, bring him down! Rescue my life from the wicked by your sword, Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,
14 by your hand, my Father, from such people—from people of this world whose reward is in this life. You fill their belly with what you have stored up; their children have plenty, and they leave their abundance to their little ones. Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.
15 As for me, I will see your face in righteousness; when I awake, I will be satisfied with seeing your likeness. Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]