Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 147 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hallelujah! How good it is to sing praises to our Father; how pleasant and fitting to praise him. Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
2 Our Father builds up Jerusalem; he gathers the scattered people of Israel. SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem. Li ranmase egzile Israël yo.
3 He heals the brokenhearted and binds up their wounds. Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4 He counts the stars; he calls them each by name. Li konte fòs kantite zetwal yo. Li bay non a yo tout.
5 Great is our Sovereign Father, and mighty in power; his understanding is beyond measure. Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.
6 Our Father lifts up the humble; he throws the wicked down to the ground. SENYÈ a bay soutyen a aflije yo. Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
7 Sing to our Father with thanksgiving; make music to him on the lyre. Chante a SENYÈ a ak remèsiman. Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 He covers the heavens with clouds; he sends rain to the earth; he makes grass grow on the hills. ki kouvri syèl la ak nwaj yo, ki founi lapli pou tè a, ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 He gives the animals their food, and the young ravens when they cry. Li bay bèt la manje li, ak jenn kòbo k ap kriye yo.
10 His delight is not in the strength of the horse, nor his pleasure in the legs of a man. Li pa pran plezi nan fòs cheval la. Li pa pran plezi nan janm a moun.
11 Our Father's heart delights in those who fear him, in those who hope in his covenant love. SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.
12 Praise our Father, Jerusalem! Praise your Father, Zion! Louwe SENYÈ a, O Jérusalem! Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 For he strengthens the bars of your gates; he blesses your children within your walls. Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo; Li te beni fis ou yo anndan w.
14 He brings peace to your borders; he fills you with the finest wheat. Li fè lapè anndan lizyè ou yo. Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 He sends out his command to the earth; his word runs swiftly. Li voye lòd Li sou latè. Pawòl Li kouri byen vit.
16 He gives snow like wool; he scatters frost like ashes. Li bay lanèj kon lenn. Li gaye lawouze glase kon sann.
17 He hurls down his hail like crumbs; who can stand before his cold? Li jete voye glas Li kon ti mòso. Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?
18 He sends out his word and melts the ice; he stirs his wind, and the waters flow. Li voye pawòl Li pou fonn yo. Li fè van Li soufle e dlo yo koule.
19 He declares his word to Jacob, his statutes and judgments to Israel. Li deklare pawòl Li yo a Jacob, règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 He has not done this for any other nation; they do not know his judgments. Hallelujah! Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon. Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo. Louwe SENYÈ a!
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]