Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 148 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hallelujah! Praise our Father from the heavens; praise him in the heights. Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo! Louwe Li kote ki wo yo!
2 Praise him, all his angels; praise him, all his armies. Louwe Li, tout zanj Li yo. Louwe Li tout lame Li yo!
3 Praise him, sun and moon; praise him, all you shining stars. Louwe Li, solèy ak lalin nan. Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
4 Praise him, you highest heavens, and you waters above the heavens. Louwe Li, pi wo syèl yo, ak dlo ki anwo syèl yo.
5 Let them praise the name of our Father, for he commanded and they were created. Kite yo louwe non SENYÈ a, paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
6 He established them forever and ever; he gave a decree that will not pass away. Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan. Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
7 Praise our Father from the earth, you sea creatures and all ocean depths, Louwe SENYÈ a soti sou latè, gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
8 fire and hail, snow and mist, stormy wind fulfilling his word, Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
9 mountains and all hills, fruit trees and all cedars, Mòn yo ak tout kolin yo, pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
10 wild animals and all livestock, crawling creatures and flying birds, Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo, sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
11 kings of the earth and all peoples, princes and all rulers of the earth, wa latè yo ak tout pèp yo, prens yo ak tout jij latè yo,
12 young men and young women alike, old men and children. ni jennonm, ni vyèj, granmoun ak timoun.
13 Let them praise the name of our Father, for his name alone is exalted; his splendor is above earth and heaven. Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
14 He has raised up strength for his people, praise for all his faithful ones, for the people of Israel who are near to him. Hallelujah! Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]