Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 14 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Pou direktè koral la; yon sòm David

1Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”Yo konwonpi.Yo te fè zak abominab.Nanpwen ki fè sa ki bon.

2SENYÈ a te gade anba soti nan syèl lasou fis a lòm yo pou wè si genyenki konprann, k ap chache Bondye.

3Yo tout te vire akote.Ansanm yo te vin konwonpi.Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.

4Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,sila Ki manje pèp mwen yotankou y ap manje pen an,san yo pa rele SENYÈ a?

5La, yo nan gwo danje,paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.

6Nou meprize bezwen aflije a,men SENYÈ a se refij li.

7O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a,Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]