Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 138 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon Sòm David

1Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

2Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

3Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.

4Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.

5Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,paske gran se glwa SENYÈ a.

6Paske malgre SENYÈ a egzalte,Li toujou okipe sila ki ba yo.Men moun ki ògeye yo,Li rekonèt yo de lwen.

7Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,Ou va fè m reprann mwen.Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.Men dwat Ou va sove mwen.

8SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.Pa abandone zèv men Ou yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]