Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Come, let us return to our Father, for he has torn us so he can heal us; he has struck us down, and he will bandage our wounds. Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.
2 After two days he will revive us; on the third day he will raise us up so we can live before him. Li va fè nou vin refè apre de jou; Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve. Konsa, nou va viv devan Li.
3 Let us know, let us press on to know our Father. He goes forth as surely as the dawn; he will come to us like the rain, like the spring showers that water the earth. Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.
4 "What should I do with you, Ephraim? What should I do with you, Judah? Your love is like a morning cloud, like the dew that disappears early. Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.
5 Therefore I have cut them down by the prophets; I have slain them by the words of my mouth, and my judgment goes forth like the light. Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo; Mwen te touye yo ak pawòl bouch Mwen. Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.
6 For I desire covenant love and not sacrifice, the knowledge of our Father rather than burnt offerings. Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
7 But like Adam they broke the covenant; there they dealt faithlessly with me. Men yo menm, tankou Adam te kase transgresyon akò a. La, yo pa t fidèl anvè Mwen.
8 Gilead is a city of evildoers, marked with bloody footprints. Galaad se yon vil ki plen ak malfektè, plen ak tach san.
9 As robbers lie in wait for a victim, so the company of priests murders on the road to Shechem; yes, they commit shameful crimes. Epi tankou bandi k ap tann yon moun; konsa, yon twoup prèt asasine moun sou wout pou rive Sichem nan. Se gwo krim y ap fè.
10 In the house of Israel I have seen a horrible thing: Ephraim's prostitution is there; Israel is defiled. Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay. Gen pwostitisyon nan Éphraïm. Israël souye pwòp tèt li.
11 "For you also, Judah, a harvest is appointed, when I restore the fortunes of my children." Ou menm tou, O Juda! Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm, lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]