Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear this, priests! Pay attention, house of Israel! Listen, house of the king! For the judgment is meant for you, because you have been a snare at Mizpah and a net spread out on Tabor. Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.
2 "The rebels have gone deep into slaughter, but I will discipline all of them. Rebèl yo desann fon nan fè masak; men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
3 I know Ephraim, and Israel is not hidden from me; for now, Ephraim, you have prostituted yourself, and Israel is defiled. Mwen konnen Éphraïm e Israël pa kache devan M; paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye. Israël te souye tèt li.
4 "Their deeds will not let them return to their Father, for a spirit of prostitution is within them, and they do not know our Father. Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo. Yo pa konnen SENYÈ a.
5 The pride of Israel testifies against him; Israel and Ephraim stumble in their sin; Judah also stumbles with them. Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. Anplis, Juda va tonbe avèk yo.
6 With their flocks and their herds they will go to seek our Father, but they will not find him; he has withdrawn from them. Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo pou y al chache SENYÈ a, men yo p ap jwenn Li. Li te retire tèt Li kite yo.
7 They have dealt faithlessly with our Father, for they have borne illegitimate children. Now the new moon will devour them along with their fields. Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.
8 "Blow the horn in Gibeah, the trumpet in Ramah. Sound the battle cry at Beth-aven; look behind you, Benjamin! “Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!
9 Ephraim will become a desolation in the day of punishment; among the tribes of Israel I make known what is sure. Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la; Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.
10 The princes of Judah have become like those who move a boundary stone; on them I will pour out my wrath like water. Prens a Juda yo te vin tankou sila ki deplase Bòn yo; Sou yo, Mwen va vide tout chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
11 Ephraim is oppressed, crushed in judgment, because he was intent on pursuing worthless idols. Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
12 So I am like a moth to Ephraim, and like dry rot to the house of Judah. Akoz sa, mwen vin tankou yon papiyon twal pou Éphraïm e tankou pouriti pou lakay Juda.
13 "Ephraim saw his own sickness, Judah saw his open sore; so Ephraim ran to Assyria, appealing to its great king. But that king can't cure you, or heal your festering wound. “Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.
14 For I will be like a lion to Ephraim, and like a young lion to the house of Judah. I myself will tear and go away; I will carry off, and no one will rescue. Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.
15 I will go back again to my place, until they acknowledge their guilt and seek my face; in their distress they will earnestly seek me." Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]