Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear the word of our Father, children of Israel, for he has a case against the inhabitants of the land: there is no faithfulness, no covenant love, and no knowledge of him in the land. Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
2 There is only swearing and lying, murder and stealing and adultery; they break all bounds, and bloodshed follows bloodshed. Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.
3 Therefore the land mourns, and all who live in it waste away, together with the wild animals and the birds in the sky; even the fish in the sea are swept away. Akoz sa, peyi a va fè dèy. Tout moun ki rete ladann ap megri menm ak tout sa ki viv. Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo, epi pwason lanmè yo va mouri.
4 Yet let no one accuse, let no one lay blame, for your people are like those who quarrel with the priest. Malgre sa, pa kite okenn moun pote akizasyon, ni okenn moun vin repwoche; paske pèp nou an se tankou sila ki fè kont ak prèt yo.
5 You stumble by day, and the prophet stumbles with you by night; and I will destroy your mother. Konsa, nou va glise tonbe nan lajounen e menm pwofèt la va glise tonbe avèk nou nan lannwit. Epi Mwen va detwi manman ou.
6 My people are destroyed for lack of knowledge. Because you have rejected knowledge, I reject you as my priest; because you have forgotten the law of your Father, I also will forget your children. Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. Akoz ou te rejte konesans, Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, akoz ou te bliye lalwa Bondye. Konsa, Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.
7 The more they increased, the more they sinned against me; I will turn their glory into shame. Plis ke yo te miltipliye, plis ke yo te peche kont mwen. Mwen va fè glwa yo vin chanje an wont.
8 They feed on the sin of my people and set their hearts on their wrongdoing. Yo manje sou peche a pèp Mwen an, e yo dirije volonte yo vè inikite yo.
9 So it will be: like people, like priest. I will punish them for their ways and repay them for their deeds. Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a, se konsa prèt la ye. Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo, e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.
10 They will eat but not be satisfied; they will give themselves to prostitution but not multiply, because they have forsaken our Father and abandoned his ways. Yo va manje, men yo p ap gen ase. Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante, akoz yo sispann koute SENYÈ a.
11 Prostitution, wine, and new wine take away good sense. Lavi pwostitisyon, diven, ak diven nèf retire bon konprann.
12 My people consult a piece of wood, and their staff gives them oracles; for a spirit of prostitution has led them astray, and they have played the prostitute, forsaking their Father. Pèp mwen an mande konsèy a zidòl ki fèt ak bwa yo. Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; yo te enfidèl a Bondye yo a.
13 They sacrifice on the mountaintops and burn offerings on the hills, under oak, poplar, and terebinth, because their shade is pleasant. So your daughters turn to prostitution and your brides to adultery. Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.
14 I will not punish your daughters when they turn to prostitution, nor your brides when they commit adultery; for the men themselves go off with prostitutes and offer sacrifices with the temple prostitutes—a people without understanding comes to ruin. Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon, ni madanm nou yo lè yo fè adiltè. Paske, mesye yo, yo menm, ale sou kote ak pwostitiye yo, e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo. Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.
15 Though you, Israel, play the prostitute, let Judah not become guilty. Do not go to Gilgal; do not go up to Beth-aven; and do not swear, 'As surely as our Father lives.' Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”
16 Israel is stubborn, like a stubborn heifer. Can our Father now pasture them like a lamb in an open meadow? Paske Israël fè tèt li di, tankou yon gazèl ak tèt rèd. Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo tankou jenn mouton nan yon bèl chan?
17 Ephraim is joined to idols; leave him alone. Éphraïm vin jwenn ak zidòl yo. Kite li pou kont li.
18 When their drink is gone, they give themselves to prostitution; their rulers dearly love disgrace. Bwason yo vin gen gou si. Yo jwe pwostitiye tout tan. Chèf yo vrèman renmen wont yo.
19 A wind has wrapped them in its wings, and they will be ashamed because of their altars. Van an te vlope li nan zèl li yo; yo va wont akoz sakrifis yo fè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]