Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Whenever I try to heal Israel, the sin of Ephraim is uncovered, and the evils of Samaria; for they practice falsehood—the thief breaks in, the raiders plunder outside. Lè M ta geri blesi Israël, inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, ak mechanste a Samarie a tou; paske yo aji nan manti. Vòlè a antre, bandi yo atake pa deyò.
2 But they do not say in their hearts that I remember all their evil. Now their deeds surround them; they are before my face. Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen Sonje tout mechanste yo. Alò, zak yo ap antoure yo; yo devan figi Mwen.
3 By their evil they make the king glad, and the princes by their lies. Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, epi prens yo, ak manti yo.
4 They are all adulterers, like an oven heated by the baker, who stops stirring the fire from the kneading of the dough until it is leavened. Yo tout se adiltè; yo tankou yon fou la ke bos boulanje sispann chofe, depi nan lè l ap petri Pat farin nan, jis rive lè pan an fin leve.
5 On the day of our king the princes made themselves sick with the heat of wine; he joined hands with mockers. Nan jou a wa nou an, prens yo te fè tèt yo malad ak chalè diven an. Li te lonje men li ak mokè yo.
6 For they draw near with hearts burning like an oven as they lie in wait; all night their anger smolders, and in the morning it blazes like a flaming fire. Paske kè yo vin tankou yon fou pandan y ap kouche tan moun. Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit. Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
7 They are all hot as an oven, and they devour their rulers. All their kings have fallen; none of them calls upon me. Yo tout cho tankou yon fou. Yo manje jij yo. Tout wa yo fin tonbe. Nanpwen youn pami yo ki rele M.
8 Ephraim mixes himself among the peoples; Ephraim is a flat cake not turned over. Éphraïm mele li menm ak nasyon yo. Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
9 Strangers devour his strength, and he does not know it; gray hairs are sprinkled upon him, and he does not know it. Etranje yo devore fòs li, men li pa wè sa a. Anplis, cheve blanch yo la sou li, men li pa konnen.
10 The pride of Israel testifies to his face, yet they do not return to their Father, nor seek him, in all of this. Malgre sa ògèy Israël la fè temwaye kont li, men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a. Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
11 Ephraim has become like a dove, silly and without sense, calling to Egypt, going to Assyria. Konsa, Éphraïm te vin tankou yon toutrèl egare, san bon sans. Yo rele vè Egypte. Yo ale Assyrie.
12 As they go, I will spread my net over them; I will bring them down like the birds of the sky. I will discipline them as their assembly was warned. Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo. Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo. Mwen va bay yo chatiman, jan kongregasyon yo a te tande a.
13 Woe to them, for they have strayed from me! Destruction to them, for they have rebelled against me! I would redeem them, but they speak lies against me. Malè a yo menm! Paske yo te gaye kite Mwen! Destriksyon pou yo menm, paske yo te fè rebèl kont Mwen! Mwen ta rachte yo, men yo fè manti kont Mwen.
14 They do not cry to me from their heart, but they wail upon their beds; for grain and new wine they gash themselves; they turn away from me. Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.
15 Although I trained and strengthened their arms, yet they devise evil against me. Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò, malgre sa, yo fè konplo pou mal kont Mwen.
16 They turn, but not upward; they have become like a slack bow. Their princes will fall by the sword for the insolence of their tongue; this will make them a laughingstock in the land of Egypt. Yo vire, men pa a Sila ki anwo a. Yo tankou yon banza k ap twonpe moun. Prens yo va tonbe devan nepe akoz ensolans a lang yo. Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]