Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 6 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Vini, annou retounen kote SENYÈ a;paske li te chire nou,men Li va geri nou.Li te blese nou,men Li va panse nou.

2Li va fè nou vin refè apre de jou;Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.Konsa, nou va viv devan Li.

3Annou rekonèt SENYÈ a;annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.Aparans Li asire tankou solèyk ap leve granmmaten.Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,tankou lapli prentan k ap wouze latè.

4Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?Kisa pou M fè ak ou, O Juda?Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,tankou farinay ki disparèt bonè.

5Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo;Mwen te touye yo ak pawòl bouch Mwen.Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.

6Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.

7Men yo menm, tankou Adam te kase transgresyon akò a.La, yo pa t fidèl anvè Mwen.

8Galaad se yon vil ki plen ak malfektè,plen ak tach san.

9Epi tankou bandi k ap tann yon moun;konsa, yon twoup prèt asasine mounsou wout pou rive Sichem nan.Se gwo krim y ap fè.

10Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay.Gen pwostitisyon nan Éphraïm.Israël souye pwòp tèt li.

11Ou menm tou, O Juda!Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm,lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]