Side by side with the Father's Heart Bible™ Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.Delivre m de moun vyolan yo:
2ka p fè manèv mechan nan kè yo.Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
3Yo file lang yo tankou koulèv.Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
4Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
5Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan
6Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
7O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.
8Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan
9Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
10Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo.Kite yo jete nan dife,nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
11Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè.Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
12Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,e fè jistis pou malere a.
13Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.