Yon chan pou monte vè tanp lan. 1O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans.Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,ni nan sa ki twò wo pou mwen. 2Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen.Menm jan ke yon pitit poze sou manman l,anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre. 3O Israël, mete espwa nan SENYÈ adepi koulye a e jis rive pou tout tan.