Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Whoever isolates himself pursues his own desire; he lashes out against all sound wisdom. Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; bon jijman an pa anyèn devan l.
2 A fool takes no pleasure in understanding, but only in airing his own opinions. Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.
3 When wickedness comes, contempt comes too, and with dishonor comes reproach. Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l; e avèk dezonè, wont vin parèt.
4 The words of a person's mouth are deep waters; the fountain of wisdom is a flowing stream. Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon; dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
5 It is not good to show partiality to the wicked, denying justice to the righteous. Panche vè youn moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
6 A fool's lips bring strife, and his mouth invites a beating. Lèv a yon moun ensanse mennen konfli; bouch li ap mande kou.
7 A fool's mouth is his ruin, and his lips are a snare to his soul. Bouch a moun san konprann nan se dega li; e lèv li se pèlen pou nanm li.
8 The words of a gossip are like choice morsels; they go down into the inmost being. Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann.
9 Whoever is slack in his work is brother to one who destroys. Anplis, sila ki parese nan travay li a se frè a sila ki detwi.
10 The name of our Father is a strong tower; the righteous runs into it and is safe. Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
11 A rich man's wealth is his fortified city; in his imagination it is like a high wall. Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò; kon yon miray byen wo nan panse li.
12 Before destruction the human heart is proud, but humility comes before honor. Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy; men imilite ale devan onè.
13 If one answers before he listens, it is his foolishness and his shame. Sila ki bay repons avan li koute a; plen foli ak wont.
14 A person's spirit can sustain him through sickness, but a crushed spirit—who can bear it? Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
15 The discerning heart acquires knowledge, and the ear of the wise seeks it out. Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
16 A person's gift opens the way for him and brings him before important people. Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan.
17 The first to state his case seems right, until another comes and examines him. Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon; jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.
18 Casting the lot settles disputes and separates strong opponents. Tiraj osò fè konfli sispann; lap pran desizyon antre moun pwisan yo.
19 An offended brother is harder to win than a fortified city, and disputes are like the bars of a fortress. Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye; konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.
20 From the fruit of a person's mouth his stomach is satisfied; with the yield of his lips he is filled. Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li; l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
21 Death and life are in the power of the tongue, and those who love it will eat its fruit. Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
22 He who finds a wife finds what is good and receives favor from our Father. Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay, e twouve favè SENYÈ a.
23 The poor person pleads for mercy, but the rich answers harshly. Malere a pale: “Souple, fè m gras”; men moun rich la reponn byen di.
24 A man of many companions may come to ruin, but there is a friend who sticks closer than a brother. Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]