Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Better a dry crust eaten in peace than a house full of feasting with strife. Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè pase yon kay ak gwo manje nan konfli.
2 A prudent servant will rule over a disgraceful son and will share the inheritance among the brothers. Yon sèvitè ki aji avèk sajès va renye sou yon fis ki aji ak wont; li va pataje eritaj la pami frè yo.
3 The crucible is for silver and the furnace for gold, but our Father tests hearts. Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.
4 An evildoer listens to wicked lips; a liar listens to a destructive tongue. Yon malfektè koute lèv mechan yo; yon mantè prete atansyon a yon lang kap detwi.
5 Whoever mocks the poor insults his Maker; whoever gloats over disaster will not go unpunished. Sila ki moke malere a moke Kreyatè li; sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.
6 Grandchildren are the crown of the aged, and the glory of children is their parents. Pitit a pitit se kouwòn a granmoun, e glwa a fis yo se papa yo.
7 Fine speech is not fitting for a fool—still less are lying lips for a noble. Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse, bokou mwens lèv kap manti sou yon prens.
8 A bribe seems like a magic charm to the one who gives it; wherever he turns, he thinks he will succeed. Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li; nenpòt kote li vire, li byen reyisi.
9 Whoever covers an offense seeks love, but whoever keeps bringing it up separates close friends. Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou; men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
10 A rebuke goes deeper into a person of understanding than one hundred blows into a fool. Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan pase anpil kou sou yon moun ensanse.
11 A rebellious man seeks only evil, and a cruel messenger will be sent against him. Yon nonm rebèl se mal l ap chache; konsa, yon mesaje byen sovaj va voye kont li.
12 Better to meet a bear robbed of her cubs than a fool in his foolishness. Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li, pase yon moun ensanse nan mitan foli li.
13 If anyone returns evil for good, evil will never leave his house. Pou sila ki remèt mal pou byen an, mal la p ap janm kite lakay li.
14 Starting a quarrel is like breaching a dam, so drop the dispute before it bursts out. Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont la avan l kòmanse.
15 Whoever justifies the wicked and whoever condemns the righteous—both alike are detestable to our Father. Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la; tou de abominab a SENYÈ a.
16 Why should a fool have money in hand to buy wisdom, when he has no heart to learn? Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?
17 A friend loves at all times, and a brother is born for a time of trouble. Yon zanmi renmen tout tan; yon frè fèt pou move tan.
18 One who lacks sense shakes hands on a pledge and puts up security for his neighbor. Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti, e devni responsab nan prezans a vwazen li.
19 Whoever loves wrongdoing loves strife; whoever builds his gate high invites destruction. Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli; sila ki awogan an, chache gwo dega.
20 A crooked heart finds no good, and a twisted tongue falls into trouble. Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon, e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
21 Whoever fathers a fool brings grief on himself; the father of a godless fool has no joy. Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès; e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
22 A joyful heart is good medicine, but a crushed spirit dries up the bones. Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.
23 A wicked man takes a bribe in secret to pervert the ways of justice. Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè; pou l tòde chemen lajistis.
24 A discerning person keeps wisdom in view, but the eyes of a fool wander to the ends of the earth. Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan; men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
25 A foolish son is a grief to his father and bitterness to the mother who bore him. Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
26 To punish the righteous is not good, nor to flog the noble for their integrity. Anplis, li pa bon pou pini moun dwat la, ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.
27 Whoever holds back his words has knowledge, and one with a calm spirit is a person of understanding. Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans; e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
28 Even a fool who keeps silent is thought wise; when he closes his lips, he seems discerning. Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj; lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]