Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 18 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;bon jijman an pa anyèn devan l.

2Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;men sèlman nan devwale pwòp panse li.

3Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;e avèk dezonè, wont vin parèt.

4Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon;dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.

5Panche vè youn moun mechan an pa bon,ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.

6Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;bouch li ap mande kou.

7Bouch a moun san konprann nan se dega li;e lèv li se pèlen pou nanm li.

8Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nanse tankou bonbon ki gen gou dous;se jis nan fon kò a yo desann.

9Anplis, sila ki parese nan travay li ase frè a sila ki detwi.

10Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.

11Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò;kon yon miray byen wo nan panse li.

12Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;men imilite ale devan onè.

13Sila ki bay repons avan li koute a;plen foli ak wont.

14Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?

15Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;anplis, zòrèy a saj la chache konesans.

16Don a yon nonm fè kont espas pou li,e mennen li devan moun enpòtan.

17Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.

18Tiraj osò fè konfli sispann;lap pran desizyon antre moun pwisan yo.

19Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.

20Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.

21Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.

22Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,e twouve favè SENYÈ a.

23Malere a pale: “Souple, fè m gras”;men moun rich la reponn byen di.

24Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]