Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Better is a poor person who walks in his integrity than one whose words are crooked and is a fool. Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
2 Also, desire without knowledge is not good, and whoever acts in haste misses the way. Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans, ni pou prese rive fè fo pa.
3 A person's own foolishness ruins his way, yet his heart rages against our Father. Foli a yon nonm fè chemen l gate; e kè li anraje kont SENYÈ a.
4 Wealth adds many friends, but the poor is separated from his friend. Richès fè zanmi ogmante anpil; men malere pèdi zanmi li yo.
5 A false witness will not go unpunished, and one who breathes out lies will not escape. Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.
6 Many seek the favor of a generous person, and everyone is a friend to one who gives gifts. Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri; tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
7 All the brothers of a poor person hate him; how much more do his friends keep far from him! He calls after them, but they are gone. Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
8 Whoever gets wisdom loves his own soul; whoever guards understanding will find good. Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li. Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.
9 A false witness will not go unpunished, and one who breathes out lies will perish. Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.
10 Luxury is not fitting for a fool—much less for a servant to rule over princes. Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse; bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.
11 The good sense of a person makes him slow to anger, and it is his glory to overlook an offense. Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; se glwa li pou bliye yon transgresyon.
12 A king's wrath is like the roaring of a lion, but his favor is like dew on the grass. Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
13 A foolish son is ruin to his father, and a wife's quarreling is a continual dripping. Se yon fis plen foli k ap detwi papa l, e yon madanm k ap diskite a se tankou dlo kap degoute san rete.
14 House and wealth are an inheritance from one's ancestors, but a prudent wife is from our Father. Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa; men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
15 Laziness casts into deep sleep, and an idle person will go hungry. Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
16 Whoever keeps the commandment keeps his life; whoever despises his ways will die. Sila ki kenbe kòmandman an kenbe nanm li, men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
17 Whoever is generous to the poor lends to our Father, and our Father will repay him for his deed. Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
18 Discipline your son while there is hope, and do not set your heart on his destruction. Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.
19 A person of great wrath must pay the penalty; for if you rescue him, you will only have to do it again. Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li; paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
20 Listen to counsel and accept discipline, that you may gain wisdom in the days to come. Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.
21 Many are the plans in a person's heart, but it is the counsel of our Father that will stand. Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
22 What is desired in a person is covenant love, and a poor person is better than a liar. Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
23 The fear of our Father leads to life, and whoever has it rests satisfied, untouched by harm. Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
24 The sluggard buries his hand in the dish and will not even bring it back to his mouth. Parese a fouye men l nan plato a; men li refize rale l rive nan bouch li.
25 Strike a mocker, and the simple will learn prudence; reprove a person of understanding, and he will gain knowledge. Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.
26 Whoever does violence to his father and drives away his mother is a son who brings shame and disgrace. Sila ki atake papa li e chase manman l ale, se yon fis ki fè wont ak dega patou.
27 Stop listening to instruction, my son, and you will stray from the words of knowledge. Sispann koute disiplin, fis mwen an e ou va pèdi chemen konesans.
28 A worthless witness mocks at justice, and the mouth of the wicked gulps down wickedness. Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis; e bouch mechan an gaye inikite.
29 Punishment is prepared for mockers, and beatings for the backs of fools. Gen desizyon jijman pou mokè yo; ak kou pou do a moun ensanse yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]