Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Wine is a mocker, strong drink a brawler, and whoever staggers under it is not wise. Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
2 The terror of a king is like the growl of a lion; whoever provokes him to anger forfeits his own life. Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò; sila ki fè l fache va pèdi lavi l.
3 It is an honor for a person to keep clear of strife, but every fool is quick to quarrel. Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe; alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
4 A lazy person will not plow in autumn; so at harvest he looks for a crop and finds nothing. Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
5 The purposes of a person's heart are deep waters, but one who has understanding draws them out. Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
6 Many a person proclaims his own loyal love, but a faithful one—who can find? Gen anpil moun ki pwomèt fidelite; men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
7 The righteous walk in their integrity; blessed are their children after them! Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l; A la beni fis ki vini apre li yo beni!
8 A king seated on the throne of judgment winnows out all evil with his eyes. Yon wa ki chita sou twòn lajistis fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
9 Who can say, "I have kept my heart pure; I am cleansed from my sin"? Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m; mwen vin pirifye de tout peche m?”
10 Unequal weights and unequal measures—our Father detests them both. Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
11 Even a child is known by his actions, by whether his conduct is pure and upright. Menm yon ti moun se rekonnet pa zèv li yo; si li aji byen e si kondwit li dwat.
12 The hearing ear and the seeing eye—our Father made them both. Zòrèy ki tande ak zye ki wè; se SENYÈ a ki te fè tou de.
13 Do not love sleep, or you will grow poor; open your eyes, and you will have plenty of bread. Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere; ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
14 "Worthless, worthless!" says the buyer—then off he goes and boasts of his bargain. “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a; men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.
15 There is gold and an abundance of jewels, but lips that speak knowledge are a rare treasure. Gen lò ak tout kalite bijou; men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.
16 Take the garment of one who puts up security for a stranger; hold it as a pledge when he does so for foreigners. Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li; epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.
17 Bread gained by deceit tastes sweet, but afterward the mouth is full of gravel. Pen kòn twouve nan bay manti dous; men pita, bouch la plen gravye.
18 Plans are established by counsel; so wage war only with wise guidance. Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.
19 A gossip betrays a confidence; so do not keep company with a babbler. Sila ki difame moun devwale sekrè; pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
20 Whoever curses his father or mother—his lamp will be snuffed out in deepest darkness. Sila ki modi papa li oswa manman li an, lanp li va etenn nan tan fènwa.
21 An inheritance gained too quickly at the start will not be blessed in the end. Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.
22 Do not say, "I will pay back evil for evil." Wait for our Father, and he will deliver you. Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”; tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
23 Our Father detests unequal weights, and dishonest scales are no good. Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
24 A person's steps are directed by our Father; how then can anyone understand his own way? Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a; konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
25 It is a trap to rashly dedicate something and only later reconsider the vow. Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans: “Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
26 A wise king winnows out the wicked and drives the threshing wheel over them. Yon wa ki saj va vannen mechan yo e fè wou moulen pase anwo yo.
27 The human spirit is the lamp of our Father, searching every inmost part. Lespri a lòm se lanp SENYÈ a, ki chache pati ki pi entim nan li yo.
28 Loyal love and faithfulness preserve a king; by loyal love his throne is upheld. Fidelite ak verite prezève wa a, e ladwati bay twòn li an soutyen.
29 The glory of the young is their strength, but the splendor of the old is gray hair. Glwa a jèn yo se fòs yo, e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
30 Wounding blows scrub away evil, and beatings cleanse the inmost parts. Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste; li frape rive nan pati pi fon yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]