Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The king's heart is a stream of water in our Father's hand; he turns it wherever he pleases. Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.
2 Every way of a person seems right in their own eyes, but our Father weighs the heart. Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; men SENYÈ a peze kè yo.
3 To do what is right and just is more pleasing to our Father than sacrifice. SENYÈ a pito ladwati ak lajistis plis pase sakrifis.
4 Haughty eyes and a proud heart—the lamp of the wicked—are sin. Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; lanp a mechan yo se peche.
5 The plans of the diligent lead surely to abundance, but all who are hasty end up in poverty. Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj; men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
6 Making a fortune by a lying tongue is a fleeting vapor, a deadly trap. Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
7 The violence of the wicked will drag them away, because they refuse to do what is just. Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati, akoz yo refize aji ak jistis.
8 The way of the guilty is crooked, but the conduct of the pure is upright. Chemen a yon moun koupab kwochi; men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
9 Better to live in a corner of the roof than in a shared house with a quarrelsome wife. Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10 The soul of the wicked craves evil; their neighbor finds no mercy in their eyes. Nanm a mechan an vle mal; vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11 When a mocker is punished, the simple grow wise; when the wise are instructed, they gain knowledge. Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj; men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12 Our Father, the Righteous One, observes the house of the wicked and brings the wicked to ruin. Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, afè mechan an vin detwi nèt.
13 Whoever shuts their ears to the cry of the poor will also cry out and not be answered. Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.
14 A gift given in secret soothes anger, and a bribe slipped into the cloak calms strong wrath. Yon kado vèse an sekrè kalme fachez, e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15 When justice is done, it is a joy to the righteous but terror to those who do evil. Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat; men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16 A person who strays from the way of understanding will rest in the assembly of the dead. Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan, va jwenn repo nan asanble mò yo.
17 Whoever loves pleasure will become poor; whoever loves wine and oil will never grow rich. Sila ki renmen plezi, va vin pòv; sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18 The wicked become a ransom for the righteous, and the treacherous for the upright. Mechan an se yon ranson pou moun dwat yo; e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
19 Better to live in a desert land than with a quarrelsome and complaining wife. Li pi bon pou rete nan dezè pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20 Precious treasure and oil are in the home of the wise, but a fool devours all he has. Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.
21 Whoever pursues righteousness and faithful love will find life, righteousness, and honor. Sila ki swiv ladwati ak fidelite a jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22 A wise person scales the city of the mighty and brings down the stronghold they trust in. Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan, e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23 Whoever guards their mouth and tongue keeps themselves out of trouble. Sila ki veye bouch li ak lang li pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24 "Mocker" is the name of the proud and arrogant who acts with outrageous insolence. Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25 The craving of a lazy person kills him, for his hands refuse to work. Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;
26 All day long the craving grows, but the righteous give and do not hold back. Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay, pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.
27 The sacrifice of the wicked is detestable—how much more when brought with evil intent. Sakrifis a mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28 A false witness will perish, but whoever listens will testify with lasting effect. Yon fo temwen va peri; men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29 The wicked put on a bold face, but the upright give thought to their ways. Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.
30 There is no wisdom, no understanding, no counsel that can stand against our Father. Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31 The horse is made ready for the day of battle, but victory belongs to our Father. Cheval la prepare pou jou batay la; men viktwa a se nan men SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]