Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A good name is to be chosen rather than great riches, and favor is better than silver or gold. Yon bon non pi bon pase tout richès; e favè Bondye, pase ajan ak lò.
2 The rich and the poor meet together; our Father is the Maker of them all. Rich la ak malere a mare ansanm; se SENYÈ a ki fè yo tout.
3 The prudent sees danger and takes cover, but the simple keep going and pay the price. Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
4 The reward for humility and the fear of our Father is riches and honor and life. Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a se richès, bon repitasyon, ak lavi.
5 Thorns and snares lie in the path of the crooked; whoever guards his soul stays far from them. Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo; sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
6 Train up a child in the way he should go, and even when he is old he will not depart from it. Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale, e lè li vin gran, li p ap kite li; menm lè l granmoun, li p ap kite li.
7 The rich rules over the poor, and the borrower is slave to the lender. Rich yo domine sou pòv yo, e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
8 Whoever sows injustice will reap calamity, and the rod of his fury will fail. Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.
9 Whoever has a generous eye will be blessed, for he shares his bread with the poor. Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.
10 Drive out the scoffer, and strife goes with him; quarreling and abuse will cease. Mete moun k ap moke moun yo deyò, e diskisyon an prale tou; wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11 Whoever loves a pure heart and speaks graciously will have the king as his friend. Sila ki renmen kè ki san tach e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12 The eyes of our Father keep watch over knowledge, but he overturns the words of the traitor. Zye a SENYÈ a konsève konesans; men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13 The lazy person says, "There is a lion outside! I will be killed in the streets!" Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; m ap mouri nan lari!”
14 The mouth of forbidden women is a deep pit; whoever draws our Father's anger will fall into it. Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon; sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
15 Foolishness is bound up in the heart of a child, but the rod of discipline drives it far away. Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16 Whoever oppresses the poor to enrich himself, or gives to the rich, will come only to poverty. Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
17 Listen carefully to the words of the wise, and apply your heart to my knowledge, Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.
18 for it will be pleasant if you keep them within you, if all of them are ready on your lips. Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 So that your trust may be in our Father, I have made them known to you today, even to you. Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a, mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20 Have I not written for you thirty sayings of counsel and knowledge, Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay, de konsèy ak konesans yo?
21 to teach you what is right and true, so that you may give a true answer to those who sent you? Pou fè ou konnen vrè pawòl verite yo, pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
22 Do not rob the poor because he is poor, or crush the afflicted at the gate, Pa vòlè malere a paske li pòv, ni kraze aflije nan pòtay la;
23 for our Father will plead their cause and will rob of life those who rob them. paske, SENYÈ a va plede ka yo e pran lavi a sila ki vòlè yo.
24 Do not befriend a man given to anger, and do not go with a hot-tempered man, Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè; oswa ale ak yon moun kolerik,
25 or you will learn his ways and entangle yourself in a snare. sinon, ou va aprann mès li yo e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26 Do not be one of those who give pledges, who put up security for debts. Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo, pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 If you have nothing to pay with, why should your bed be taken from under you? Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye, poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
28 Do not move the ancient boundary stone that your fathers set up. Pa deplase ansyen bòn ke papa zansèt nou yo te mete a.
29 Do you see a man skillful in his work? He will stand before kings; he will not stand before ordinary men. Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li? Li va kanpe devan wa yo; li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]