Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When you sit down to dine with a ruler, consider carefully what is before you, Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè, konsidere byen sa ki devan ou.
2 and put a knife to your throat if you are a person ruled by appetite. Konsa, mete yon kouto sou gòj ou si ou se yon nonm ak gwo lanvi.
3 Do not crave his delicacies, for they are deceptive food. Pa dezire bon manje sa yo, paske se yon repa desepsyon.
4 Do not wear yourself out to get rich; have the wisdom to restrain yourself. Pa fatige kò ou pou jwenn richès; sispann reflechi sou sa.
5 The moment you look at wealth, it is gone, for it suddenly sprouts wings and flies off toward the heavens like an eagle. Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.
6 Do not eat the bread of a stingy man, and do not crave his delicacies, Pa manje pen a yon mesye ki chich, ni anvi bèl bagay li;
7 for he is the kind of man who keeps counting the cost. "Eat and drink!" he says to you, but his heart is not with you. paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye. Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.
8 You will vomit up the little you have eaten and will have wasted your pleasant words. Ou va vomi mòso ke ou te manje a e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
9 Do not speak in the hearing of a fool, for he will despise the wisdom of your words. Pa pale nan zòrèy a moun sòt, paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
10 Do not move an ancient boundary stone or encroach on the fields of the fatherless, Pa deplase ansyen bòn nan, ni antre nan chan òfelen yo,
11 for their Redeemer is strong; our Father will take up their cause against you. Paske Redanmtè yo a pwisan. Li va plede ka yo kont ou.
12 Apply your heart to instruction and your ears to words of knowledge. Aplike kè ou a disiplin ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
13 Do not withhold discipline from a child; if you strike him with the rod, he will not die. Pa ralanti disiplin sou yon timoun; malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
14 Strike him with the rod, and you will deliver his soul from the grave. Ou va frape li ak baton pou delivre nanm li de sejou mò yo.
15 My son, if your heart is wise, my own heart will be glad as well. Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou.
16 My inmost being will rejoice when your lips speak what is right. Wi, jis anndan m va rejwi lè lèv ou pale sa ki dwat.
17 Do not let your heart envy sinners, but continue in the fear of our Father all day long. Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18 Surely there is a future, and your hope will not be cut off. Anverite, gen davni, e espwa ou p ap anile.
19 Hear, my son, and be wise, and keep your heart on the right road. Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.
20 Do not be among those who get drunk on wine or those who gorge themselves on meat, Pa bwè twòp diven, ni fè voras nan manje vyann;
21 for the drunkard and the glutton will come to poverty, and drowsiness will clothe them in rags. paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv; e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
22 Listen to your father, who gave you life, and do not despise your mother when she is old. Koute papa ou ki te fè ou a, e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23 Buy truth and do not sell it; buy wisdom, instruction, and understanding. Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 The father of a righteous child will greatly rejoice; whoever fathers a wise son will delight in him. Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil, e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Let your father and mother be glad; let her who gave you birth rejoice. Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan; kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
26 My son, give me your heart, and let your eyes delight in my ways. Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.
27 For a prostitute is a deep pit, and an adulterous woman is a narrow well. Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon, e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
28 She lies in wait like a robber and leads many men into faithlessness. Anverite, li kache veye tankou vòlè, pou l ogmante enfidelite pami lòm.
29 Who has misery? Who has sorrow? Who has strife? Who has complaints? Who has wounds for no reason? Who has bleary eyes? Se kilès ki gen gwo pwoblèm? Se kilès ki gen tristès? Se kilès ki gen konfli? Se kilès kap plenyèn? Se kilès ki blese san rezon? Se kilès ki gen zye wouj?
30 Those who linger long over wine, those who go to sample bowls of mixed wine. Sila ki mize sou diven nan, sila ki ale goute diven mele an.
31 Do not gaze at wine while it is red, while it sparkles in the cup and goes down smoothly. Pa gade diven an lè l wouj, lè l fè klè nan tas la, lè l desann byen dous.
32 In the end it bites like a serpent and stings like a viper. Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan; li brile tankou bouch koulèv.
33 Your eyes will see strange things, and your heart will utter twisted things. Zye ou va wè bagay ki dwòl, e panse ou va twouble anpil.
34 You will be like one lying down in the heart of the sea, like one lying on the top of a ship's mast. Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè, oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35 "They struck me, but I felt no pain; they beat me, but I did not know it. When will I wake up? I will look for another drink." “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen! Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa! Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]