Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Do not envy evil men, and do not desire to be with them, Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
2 for their hearts plot violence, and their lips speak of trouble. paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite.
3 By wisdom a house is built, and by understanding it is established; Avèk sajès, kay la bati e avèk bon konprann, li vin etabli.
4 and by knowledge its rooms are filled with all precious and pleasant riches. Pa konesans, chanm yon moun vin ranpli avèk tout bèl kalite richès.
5 A wise man is full of strength, and a man of knowledge increases his power, Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
6 for by wise guidance you can wage your war, and victory comes through many counselors. Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.
7 Wisdom is too high for a fool; at the gate, he has nothing to say. Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
8 Whoever plans to do evil will be called a schemer. Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè.
9 A fool's scheming is sin, and the scoffer is detestable to people. Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.
10 If you falter in a time of trouble, your strength is small. Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
11 Rescue those being taken away to death, and hold back those stumbling toward the slaughter. Delivre sila k ap mennen vè lanmò a, ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a. O, kenbe yo!
12 If you say, "Look, we did not know this," does not he who weighs the heart perceive it? Does not he who watches over your soul know it? And will he not repay each person according to his deeds? Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
13 My son, eat honey, for it is good, and the honeycomb's drippings are sweet to your taste. Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14 Know that wisdom is just like this to your soul; if you find it, there is a future, and your hope will not be cut off. Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou; si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
15 Do not lie in wait, you wicked man, against the home of the righteous; do not destroy his resting place, Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan, kont kote ke moun dwat la rete a. Pa detwi kote repo li a;
16 for though the righteous falls seven times, he rises again, but the wicked stumble in disaster. paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
17 Do not rejoice when your enemy falls, and do not let your heart be glad when he stumbles, Pa rejwi lè lènmi ou tonbe. Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
18 lest our Father see it and be displeased, and turn his anger away from him. Oswa, SENYÈ a va wè l, vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
19 Do not fret because of evildoers, and do not envy the wicked, Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo,
20 for the evil man has no future; the lamp of the wicked will be snuffed out. paske pou yon nonm mechan, pa gen avni. Lanp a mechan an va etenn nèt.
21 My son, fear our Father and the king, and do not join with those who rebel against them, Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a; pa asosye ak sila ki pa stab yo,
22 for their disaster will rise suddenly, and who knows the ruin that both of them can bring? paske, malè yo va leve vit. Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
23 These also are sayings of the wise: Showing partiality in judgment is not good. Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.
24 Whoever says to the guilty, "You are innocent," peoples will curse him and nations will denounce him, Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
25 but it will go well for those who convict the guilty, and a rich blessing will come upon them. men pou sila ki repwoche mechan yo, lap wale byen ak yo. Bon benediksyon va tonbe sou yo.
26 An honest answer is like a kiss on the lips. Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
27 Prepare your work outside, get your fields ready, and after that build your house. Prepare tout travay ou a deyò; byen prepare chan ou. Apre, alò, bati kay ou.
28 Do not be a witness against your neighbor without cause; would you deceive with your lips? Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz, e pa bay manti ak lèv ou.
29 Do not say, "I will do to him as he did to me; I will pay the man back for what he has done." Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa; mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
30 I passed by the field of a lazy man, by the vineyard of someone lacking sense, Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
31 and there it was, all overgrown with thorns; the ground was covered with weeds, and its stone wall was broken down. Epi gade byen, li te plen ak raje pikan, e kouvri ak move zèb, Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Then I looked and took it to heart; I saw and received instruction. Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa; mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 A little sleep, a little slumber, a little folding of the hands to rest, “Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men pou repoze,”
34 and poverty will come upon you like a robber, and scarcity like an armed man. Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè; ak bezwen tankou yon bandi kon zam.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]