Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 These also are proverbs of Solomon, which the men of Hezekiah king of Judah copied out. Sila yo se pwovèb yo a Salomon ke mesye Ézéchias yo, wa Juda a te dechifre.
2 It is the glory of our Father to conceal a matter, but the glory of kings to search a matter out. Se glwa Bondye pou kache yon bagay; men se glwa a wa yo pou chache konprann yon bagay.
3 As the heavens are high and the earth is deep, so the heart of kings is unsearchable. Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a, se konsa kè a wa a ensondab.
4 Take away the dross from the silver, and a vessel comes forth for the refiner. Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.
5 Take away the wicked from before the king, and his throne will be established in righteousness. Retire mechan an devan wa a, e twòn li an va etabli nan ladwati.
6 Do not put yourself forward in the king's presence, and do not stand in the place of the great; Pa reklame bèl repitasyon nan prezans a wa a, e pa kanpe nan plas a moun pwisan yo;
7 for it is better to be told, "Come up here," than to be put in a lower place in front of a noble you can see. paske li pi bon pou yo di ou: “Vin monte isit la”, olye pou ou ta oblije desann piba nan prezans a prens lan, ke zye ou te wè.
8 Do not rush into a quarrel, for what will you do in the end when your neighbor puts you to shame? Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.
9 Argue your case with your neighbor himself, but do not disclose another's secret, Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou, e pa devwale sekrè a yon lòt,
10 lest the one who hears it shame you, and your bad reputation never goes away. oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch, e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.
11 A word spoken at the right moment is like apples of gold in settings of silver. Tankou pòm an lò ki monte sou ajan, se konsa yon mo byen plase nan moman li.
12 Like a ring of gold or an ornament of fine gold is wise correction to a listening ear. Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
13 Like the cold of snow in the time of harvest is a faithful messenger to those who send him; he refreshes the soul of his masters. Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt, se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo, paske li rafrechi nanm a mèt li yo.
14 Like clouds and wind without rain is one who boasts of a gift never given. Tankou nwaj ak van san lapli, se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.
15 By patience a ruler is persuaded, and a soft tongue breaks bone. Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade; se yon lang dous ki kase zo.
16 If you find honey, eat only enough, or you will have too much and vomit. Èske ou te jwenn siwo myèl? Manje sèlman kont ou, pou ou pa gen twòp pou vomi li.
17 Don't visit your neighbor's house too often, or he will grow weary of you and hate you. Kite pye ou raman pile lakay vwazen ou, sinon li va fatige avè w, e vin rayi ou.
18 Like a club, a sword, and a sharp arrow is one who bears false witness against his neighbor. Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file, se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.
19 Like a bad tooth or a foot out of joint is trust in a faithless person in time of trouble. Tankou yon move dan ak yon pye ki pa estab, se konsa konfyans nan yon nonm enfidèl nan tan gwo twoub.
20 Like one who takes off a garment on a cold day, like vinegar poured on baking soda, is the one who sings songs to a heavy heart. Tankou yon moun ki retire rad li nan jou fredi, oswa tankou vinèg sou poud bikabonat, se konsa sila ki chante chan ak kè twouble yo ye.
21 If your enemy is hungry, give him bread to eat, and if he is thirsty, give him water to drink; Si lènmi ou grangou, ba li manje; epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;
22 for you will heap coals of fire on his head, and our Father will reward you. paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li, e SENYÈ a va bay ou rekonpans.
23 The north wind brings forth rain, and a secretive tongue, angry looks. Van nò pote lapli e yon lang medizan, pote yon move vizaj.
24 It is better to live in a corner of the rooftop than in a shared house with a quarrelsome wife. Li pi bon pou viv nan yon kwen twati pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.
25 Like cold water to a weary soul is good news from a distant land. Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige, se konsa yon bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.
26 Like a muddied spring or a polluted fountain is a righteous person who gives way before the wicked. Tankou yon sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine, se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.
27 It is not good to eat too much honey, nor to seek your own glory. Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl, ni li pa bon pou chache pwòp glwa pa w.
28 Like a city broken into and left without walls is a person who has no control over his own spirit. Tankou yon gran vil ki kase antre san miray, se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]