Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Like snow in summer and like rain at harvest, honor is not fitting for a fool. Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt, se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.
2 Like a fluttering sparrow or a darting swallow, an undeserved curse does not come to rest. Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.
3 A whip for the horse, a bridle for the donkey, and a rod for the backs of fools. Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la, ak baton pou do a moun ensanse a.
4 Do not answer a fool according to his foolishness, or you yourself will be like him. Pa reponn yon moun ensanse selon foli li, oswa ou va vin tankou li.
5 Answer a fool according to his foolishness, or he will be wise in his own eyes. Reponn yon moun ensanse selon foli li merite, pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
6 Whoever sends a message through a fool cuts off his own feet and drinks down violence. Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans, ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
7 Like the legs of a lame man hanging useless is a proverb in the mouth of fools. Tankou janm ki initil pou moun bwate a, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
8 Like binding a stone in a sling is giving honor to a fool. Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
9 Like a thornbush in the hand of a drunkard is a proverb in the mouth of fools. Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
10 Like an archer who wounds everyone is one who hires a fool or hires any passerby. Tankou moun ak banza k ap blese tout moun, se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a, ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
11 As a dog returns to its vomit, so a fool repeats his foolishness. Tankou yon chen ki retounen nan vomi li, se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
12 Do you see someone wise in his own eyes? There is more hope for a fool than for him. Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
13 The lazy person says, "There is a lion in the road! A lion in the streets!" Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a! Yon lyon nan plas la!”
14 As a door turns on its hinges, so the lazy person turns on his bed. Tankou pòt la vire sou gon li, se konsa parese a sou kabann li.
15 The lazy person buries his hand in the dish; it wearies him to bring it back to his mouth. Parese a fouye men l nan plato a; men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
16 The lazy person is wiser in his own eyes than seven who answer wisely. Parese a pi saj nan pwòp zye li pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
17 Like grabbing a dog by the ears is a passerby who meddles in a quarrel not his own. Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy, se konsa sila k ap pase pa aza a, pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
18 Like a madman shooting firebrands, arrows, and death, Tankou yon moun fou k ap jete bwa dife, flèch ak lanmò,
19 so is the one who deceives his neighbor and says, "I was only joking!" se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di: “Èske se pa blag mwen t ap fè?”
20 Without wood a fire goes out, and without a gossip a quarrel dies down. Akoz mank bwa, dife a etenn; lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.
21 As charcoal to embers and wood to fire, so a quarrelsome person kindles strife. Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife, se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.
22 The words of a gossip are like choice morsels; they sink down into the inmost parts. Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan, vin tankou bèl ti mòso delika. Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
23 Like a glaze covering an earthen pot are smooth lips with an evil heart. Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan, se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
24 An enemy disguises himself with his lips, but in his heart he harbors deceit. Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li; men nan kè l, li fè depo desepsyon.
25 When he speaks graciously, do not believe him, for seven abominations fill his heart. Lè l pale byen dous, pa kwè l; paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
26 Though his hatred is hidden by deceit, his wickedness will be exposed in the assembly. Malgre rayisman kouvri kò l ak riz, mechanste li va devwale devan asanble a.
27 Whoever digs a pit will fall into it, and a stone rolls back on the one who rolls it. Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann, e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
28 A lying tongue hates those it crushes, and a flattering mouth works ruin. Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]