Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Do not boast about tomorrow, for you do not know what a day may bring. Pa vin ògeye sou bagay demen, paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.
2 Let someone else praise you, and not your own mouth; a stranger, and not your own lips. Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.
3 A stone is heavy and the sand a burden, but a fool's provocation is heavier than both. Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de.
4 Wrath is cruel and anger is overwhelming, but who can stand before jealousy? Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
5 Open rebuke is better than love that stays hidden. Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
6 A friend's wounds are faithful, but an enemy's kisses are deceitful. Fidèl se blese a yon zanmi; men twonpri se bo a yon ènmi.
7 A well-fed person tramples honeycomb, but to the hungry even what is bitter tastes sweet. Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous.
8 A man who strays from his home is like a bird that strays from its nest. Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
9 Oil and incense gladden the heart, and the sweetness of a friend comes from heartfelt counsel. Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
10 Do not forsake your friend or your father's friend, and do not go to your brother's house when disaster strikes; better a neighbor nearby than a brother far off. Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
11 Be wise, my son, and make my heart glad, so that I can answer anyone who taunts me. Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
12 The prudent sees danger and takes cover, but the simple keep going and pay the price. Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
13 Take the garment of one who puts up security for a stranger; hold it as collateral when he does so for a foreign woman. Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni, e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.
14 Whoever blesses his neighbor with a loud voice early in the morning, it will be taken as a curse. Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an, sa va rekonèt kon madichon pou li.
15 A quarrelsome wife is like a constant dripping on a rainy day. Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:
16 Restraining her is like restraining the wind, or grasping oil with the right hand. Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van, oswa sezi lwil ak men dwat li.
17 Iron sharpens iron, and one person sharpens another. Se fè ki file fè; se konsa yon nonm file zanmi l.
18 Whoever tends a fig tree will eat its fruit, and whoever guards his master will be honored. Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li, e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.
19 As water reflects the face, so the heart reflects the person. Tankou nan dlo, figi reflete figi, konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.
20 The grave and Destruction are never satisfied, and a person's eyes are never satisfied. Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè; ni zye a lòm pa janm satisfè.
21 The crucible is for silver and the furnace for gold, and a person is tested by the praise he receives. Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.
22 Though you grind a fool in a mortar with a pestle, along with the grain, his foolishness will not leave him. Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
23 Know well the condition of your flocks, and give careful attention to your herds. Konnen byen kondisyon a bann ou yo, e okipe twoupo ou yo;
24 For riches do not last forever, nor does a crown endure to every generation. paske richès pa la pou tout tan, ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
25 When the grass is gone and the new growth appears and the mountain herbs are gathered, Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse, e zèb mòn yo fin ranmase.
26 the lambs will provide your clothing, and the goats will provide the price of a field; Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou, e kabrit yo va mennen pri a yon chan.
27 and there will be enough goats' milk for your food, for the food of your household and to sustain your servant girls. Lèt kabrit ap kont pou manje ou, pou manje tout lakay ou, ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]