Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The wicked flee when no one pursues, but the righteous are as bold as a lion. Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
2 When a land rebels, it has many rulers, but with a man of understanding and knowledge, it stays stable. Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil; men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.
3 A poor man who oppresses the helpless is like a driving rain that leaves no food. Yon moun pòv ki peze malere se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
4 Those who forsake the law praise the wicked, but those who keep the law strive against them. Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan; men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
5 Evil people do not understand justice, but those who seek our Father understand it fully. Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
6 Better is a poor man who walks with integrity than a rich man crooked in his ways. Pi bon se malere ki mache ak ladwati a pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
7 Whoever keeps the law is a son with understanding, but a companion of gluttons shames his father. Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.
8 Whoever multiplies his wealth by interest and unjust gain gathers it for one who is generous to the poor. Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
9 If anyone refuses to listen to the law, even his prayer is detestable. Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, menm lapriyè li abominab.
10 Whoever leads the upright astray down an evil path will fall into his own pit, but the blameless will inherit good things. Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
11 A rich man is wise in his own eyes, but a poor man with understanding sees right through him. Mesye rich la saj nan pwòp zye l; men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
12 When the righteous triumph, there is great glory, but when the wicked rise, people go into hiding. Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
13 Whoever conceals his sins will not prosper, but whoever confesses and turns from them will find mercy. Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
14 Blessed is the one who always remains reverent, but whoever hardens his heart will fall into calamity. A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
15 Like a roaring lion or a charging bear is a wicked ruler over a helpless people. Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake, se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.
16 A ruler who lacks understanding is a cruel oppressor, but whoever hates unjust gain will prolong his days. Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann; men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
17 A man weighed down by the guilt of bloodshed will be a fugitive until death; let no one support him. Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.
18 Whoever walks in integrity will be kept safe, but whoever is crooked in his ways will suddenly fall. Sila ki mache san tò a va delivre; men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.
19 Whoever works his land will have plenty of bread, but whoever chases empty pursuits will have plenty of poverty. Sila ki laboure tè a va gen anpil manje; men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
20 A faithful man will abound with blessings, but whoever rushes to get rich will not go unpunished. Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon; men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21 Showing partiality is not good, yet for a piece of bread a man will do wrong. Montre patipri pa bon, paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22 A stingy man rushes after wealth and does not know that poverty will overtake him. Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès e li pa konnen kisa k ap rive li.
23 Whoever rebukes a man will in the end find more favor than one who flatters with his tongue. Sila ki bay yon moun repwòch va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.
24 Whoever robs his father or mother and says, "It is no sin," is a companion to one who destroys. Sila ki vòlè papa li oswa manman l epi di: “Sa pa yon transgresyon”, se parèy ak yon moun ki detwi.
25 A greedy man stirs up strife, but whoever trusts in our Father will be enriched. Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
26 Whoever trusts in his own heart is a fool, but whoever walks in wisdom will be kept safe. Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; men sila ki mache ak sajès la va delivre.
27 Whoever gives to the poor will lack nothing, but whoever closes his eyes to them will receive many curses. Sila ki bay a malere a p ap janm manke; men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
28 When the wicked rise, people go into hiding, but when they perish, the righteous flourish. Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo; men lè yo peri moun dwat yo vin plis.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]