Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Whoever is often corrected yet refuses to listen will suddenly be broken beyond healing. Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd.
2 When the righteous flourish, the people rejoice, but when the wicked rule, the people groan. Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
3 A man who loves wisdom brings joy to his father, but a companion of prostitutes squanders his wealth. Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
4 By justice a king gives a land stability, but one who is greedy for bribes tears it down. Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab; men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
5 A man who flatters his neighbor spreads a net for his feet. Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.
6 An evil man is snared by his own sin, but the righteous sing and rejoice. Pa transgresyon yon nonm mechan vin pran nan pyèj nèt; men moun dwat la va chante e rejwi.
7 The righteous care about justice for the poor, but the wicked have no such understanding. Moun ladwati a gen kè pou dwa malere; men mechan an pa menm konprann afè sa a.
8 Mockers set a city ablaze, but the wise calm the anger. Mokè yo, fè gwo vil la pran dife; men moun saj yo kalme kòlè.
9 When a wise man goes to court with a fool, the fool rages and scoffs, and there is no peace. Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann, moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
10 The bloodthirsty hate the blameless and seek to kill the upright. Moun k ap vèse san rayi inosan an; men moun dwat yo pwoteje lavi li.
11 A fool vents all his anger, but a wise man holds it back and keeps himself calm. Moun san konprann toujou fache; men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
12 If a ruler listens to lies, all his officials become wicked. Si gouvènè a prete atansyon a manti, tout minis li yo va vin mechan.
13 The poor man and the oppressor have this in common: our Father gives sight to the eyes of both. Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble; se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de.
14 If a king judges the poor with fairness, his throne will be established forever. Si yon wa jije pòv yo ak verite, twòn li va etabli jis pou tout tan.
15 The rod and a word of correction give wisdom, but a child left to himself brings shame to his mother. Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
16 When the wicked flourish, wrongdoing flourishes, but the righteous will see the wicked's downfall. Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante; men moun dwat yo va wè tonbe yo.
17 Discipline your son, and he will give you peace; he will bring delight to your heart. Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
18 Where there is no revelation, the people run wild, but blessed is the one who keeps the law. Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren; men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
19 A servant cannot be corrected by words alone; though he understands, he will not obey. Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav; paske malgre li konprann, li p ap reponn.
20 Do you see a man who is hasty with his words? There is more hope for a fool than for him. Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi? Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
21 Pamper a servant from childhood, and in the end he will become like an heir. Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a, nan lafen, twouve yon fis.
22 An angry man stirs up strife, and a hot-tempered man commits many sins. Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
23 A man's pride brings him low, but a humble spirit gains honor. Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè.
24 An accomplice of a thief is his own enemy; he hears the curse but says nothing. Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; li pran sèman an men li pa pale anyen.
25 Fear of man lays a snare, but whoever trusts in our Father is kept safe. Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
26 Many seek a ruler's favor, but justice for a person comes from our Father. Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a; men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
27 An unjust man is detestable to the righteous, and an upright person is detestable to the wicked. Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]