Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jonah 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Jonah prayed to our Father from inside the fish: Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi nan vant pwason an.
2 In my distress I called to my Father, and he answered me; from the grave's belly I cried for help, and you heard my voice. Li te di: “Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a, e Li te reponn mwen. Mwen te kriye pou sekou depi nan pwofondè sejou mò yo. Ou te tande vwa mwen.
3 You hurled me into the deep, into the heart of the seas, and the currents swirled around me; all your breakers and your waves swept over me. Ou te jete mwen nan gwo pwofondè a, nan kè lanmè yo, e gwo kouran dlo a te vale mwen. Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè ou yo te pase sou mwen.
4 Then I said, 'I have been driven away from your sight; yet I will look again toward your holy temple.' Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou. Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
5 The waters closed in over me to the point of death; the deep surrounded me; seaweed was wrapped around my head. Dlo te antoure mwen jiskaske m rive nan pwen lanmò. Gwo pwofondè a te vale mwen; zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
6 I sank down to the roots of the mountains; the earth shut its gates behind me forever. But you brought my life up from the pit, my Father. Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo. Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan, men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la, O SENYÈ Bondye mwen an!
7 As my life was ebbing away, I remembered my Father, and my prayer rose to you, to your holy temple. “Pandan mwen t ap vin endispoze nèt, Mwen te sonje SENYÈ a e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
8 Those who cling to worthless idols walk away from the love that could be theirs. Sila ki konsidere zidòl san valè yo abandone tout sous mizerikòd,
9 But I will sacrifice to you with grateful praise; I will keep every vow I have made. Salvation belongs to our Father! Men mwen va fè sakrifis a Ou menm ak vwa aksyon de gras la. Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli. Sali a sòti nan SENYÈ a.”
10 Then our Father spoke to the fish, and it vomited Jonah out onto the dry land. Epi SENYÈ a te kòmande pwason an e li te vomi Jonas sou tè sèch la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]