Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jonah 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the word of our Father came to Jonah a second time: Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di:
2 "Get up, go to Nineveh, that great city, and proclaim the message I give you." “Leve ale Ninive, gwo vil la e pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
3 So Jonah got up and went to Nineveh, as our Father had said. Nineveh was a huge city—three days to cross. Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l.
4 Jonah walked one day into the city and cried out, "Forty more days and Nineveh is overturned!" Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”
5 The people of Nineveh believed God. They called a fast and put on sackcloth, from the greatest to the least. Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo.
6 When the news reached Nineveh's king, he rose from his throne, removed his robe, covered himself with sackcloth, and sat in ashes. Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.
7 He had this proclaimed in Nineveh, by decree of the king and his nobles: No person or animal, herd or flock, may taste anything; they must not graze or drink water. Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo.
8 Let people and animals be covered with sackcloth, and everyone cry out to God with all their strength. Let each turn from his evil way and the violence in his hands. Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo.
9 Who knows? God may turn and change his mind, turn from his fierce anger, so we're not destroyed. Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
10 When God saw their deeds—that they turned from their evil way—God changed his mind about the disaster he had threatened to bring on them, and did not do it. Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]