Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The wilderness and the dry land will be glad; the desert will rejoice and blossom like the crocus. Savann nan ak dezè a va kontan. Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz.
2 It will blossom abundantly and rejoice with joy and singing. The glory of Lebanon will be given to it, the splendor of Carmel and Sharon. They will see the glory of our Father, the majesty of our Father. Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
3 Strengthen the weak hands, and steady the buckling knees. Ankouraje men ki pedi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la.
4 Say to those with an anxious heart, "Be strong; do not fear! Look, your Father will come with justice, with our Father's retribution. He will come and save you." Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”
5 Then the eyes of the blind will be opened, and the ears of the deaf unstopped. Konsa, zye avèg yo va louvri, e zòrèy a soud yo debouche.
6 Then the lame will leap like a deer, and the tongue of the mute will sing for joy. For waters will break forth in the wilderness, and streams in the desert. Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.
7 The burning sand will become a pool, and the thirsty ground springs of water; in the haunt where jackals lie down, the grass will become reeds and rushes. Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.
8 And a highway will be there, a road, and it will be called the Way of Holiness. The unclean will not travel it; it belongs to the one who walks the way—even fools will not go astray. Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
9 No lion will be there, nor will any ravenous beast travel on it; they will not be found there. But the redeemed will walk there, Nanpwen lyon k ap la, ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. Yo p ap twouve la. Men rachte yo va mache la.
10 and the ransomed of our Father will return. They will come to Zion with singing, everlasting joy upon their heads; gladness and joy will overtake them, and sorrow and sighing will flee away. Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]