Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 34 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Come close, you nations, and listen; pay attention, you peoples! Let the earth hear, and all that fills it, the world, and everything it brings forth. Rapwoche, O nasyon yo pou tande! Koute, o pèp yo! Kite latè ak tout sa ki ladann tande, e lemonn ak tout sa ki ladann.
2 For our Father is filled with wrath against all the nations, and his fury is against all their armies. He has devoted them to destruction, has given them over to slaughter. Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo e jijman Li brile kont tout lame yo. Li te detwi yo nèt. Li te donnen yo a yon gwo masak.
3 Their slain will be thrown out, the stench of their corpses will rise, and the mountains will flow with their blood. Konsa, mò yo va jete deyò. Kadav yo va fè movèz odè, e mòn yo va tranpe ak san yo.
4 All the stars of heaven will rot away, and the skies will be rolled up like a scroll. All that starry host will wither, as a leaf withers and falls from the vine, like a shriveled fig from the fig tree. Tout lame syèl la va vin efase. Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv; e tout lame li yo va vin fennen nèt, tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an, oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
5 When my sword has drunk its fill in the heavens, look—it comes down in judgment upon Edom, upon the people I have devoted to destruction. Paske nepe Mwen bwe ase nan syèl la. Gade byen, li va desann pou jije Édom ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
6 Our Father has a sword; it is sated with blood, gorged with fat, with the blood of lambs and goats, with the fat of the kidneys of rams. For our Father holds a sacrifice in Bozrah, a great slaughter in the land of Edom. Nepe SENYÈ a plen ak san. Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, ak bouk yo, ak grès a ren belye. Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra, ak yon gwo masak nan peyi Édom.
7 The wild oxen will fall with them, and the young bulls with the mighty ones. Their land will drink its fill of blood, and their soil will be gorged with fat. Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès.
8 For our Father has a day of justice, a year of vindication for the cause of Zion. Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans, yon ane vanjans pou koz a Sion an.
9 Edom's streams will be turned into pitch, her soil into sulfur, and her land will become burning pitch. Sous dlo li yo va devni goudwon e tè pousyè li kon souf. Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
10 Night and day it will not be quenched; its smoke will rise forever. From generation to generation it will lie waste; no one will pass through it ever again. Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit. Lafimen li va monte jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole. Okenn moun p ap pase ladann pou tout tan e pou tout tan.
11 The desert owl and the screech owl will possess it; the great owl and the raven will dwell in it. our Father will stretch the measuring line of chaos over it, and the plumb line of emptiness. Men grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li e ibou ak kònèy a va demere ladann. Li va tann sou li lign latwoublay, ak fil a plon vid la.
12 Its nobles will have nothing there to call a kingdom, and all its princes will come to nothing. Yo va rele prens li yo a wayòm nan, menp ap gen k ap parèt. Tout prens li yo p ap anyen.
13 Thorns will overgrow its strongholds, nettles and brambles its fortresses. It will become a haunt for jackals, a home for ostriches. Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo. L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. Li va fè kay tribinal pou otrich la.
14 Wildcats will meet with hyenas, and wild goats will call out to one another; there too the night creature will settle and find herself a place of rest. Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo; kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li. Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la; l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
15 There the owl will nest and lay her eggs, hatch them and gather her young under her shadow; there too the hawks will gather, each with her mate. La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze; li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li. Menm bèt malfini yo va rankontre la, yo chak ak pwòp parèy yo.
16 Search the scroll of our Father and read: not one of these will be missing, not one will lack her mate. For his mouth has commanded it, and his Spirit has gathered them. Chache nan liv SENYÈ a, epi li: Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la; okenn p ap manke parèy yo. Paske bouch Mwen te pase lòd, e Lespri Li te ranmase yo.
17 He has cast the lot for them; his hand has measured out their portion with the line. They will possess it forever and dwell there from generation to generation. Li te tire osò pou yo, e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a. Yo va posede kote a jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]