Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Woe to you, destroyer, who have not been destroyed; you betrayer, whom no one has betrayed! When you have finished destroying, you will be destroyed; when you stop betraying, you will be betrayed. Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.
2 Our Father, be gracious to us; we wait for you. Be our strength every morning, our salvation in the time of trouble. O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou. Sèvi kon fòs pa nou chak maten, delivrans pa nou nan tan gwo twoub.
3 At the thunder of your voice the peoples flee; when you rise up, the nations scatter. Lè bri zen an vin leve, pèp yo sove ale. Lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye.
4 Your plunder is gathered as the locust gathers; like swarming locusts, people rush upon it. Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase. Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.
5 Our Father is exalted, for he dwells on high; he has filled Zion with justice and righteousness. SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete. Li te ranpli Sion ak jistis ak ladwati.
6 He will be the sure foundation of your times, a wealth of salvation, wisdom, and knowledge; the fear of our Father is Zion's treasure. Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
7 Look, their brave men cry out in the streets; the envoys of peace weep bitterly. Gade byen, mesye pwisan pa yo, kriye nan lari, anbasadè lapè yo kriye fò.
8 The highways lie deserted; travelers have vanished from the road. The covenant is broken, its cities are despised, no one is respected. Gran chemen yo rete vid. Moun ki vwayaje yo sispann. Li te kase akò a. Li te meprize vil yo. Li pa respekte pèsòn.
9 The land mourns and wastes away; Lebanon is ashamed and withers; Sharon has become like the desert, and Bashan and Carmel shake off their leaves. Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen. Liban vin wont e tanme disparèt. Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout fèyaj.
10 "Now I will arise,' says our Father, 'now I will be exalted, now I will lift myself up. “Koulye a, Mwen va leve”, SENYÈ a di: “Koulye a Mwen va egzalte. Koulye a Mwen va leve wo.
11 You conceive chaff, you give birth to stubble; your breath is a fire that will consume you. Nou te ansent pay, e nou va akouche pay. Souf Mwen va manje nou tankou dife.
12 The peoples will be burned to ash, like thorns cut down and set ablaze. Pèp yo va brile kon lacho, tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.”
13 Hear, you who are far off, what I have done; and you who are near, acknowledge my might.'" “Nou menm ki lwen yo, koute sa ke M te fè a; epi nou menm ki toupre, rekonèt pwisans Mwen.”
14 The sinners in Zion are terrified; trembling grips the godless: "Who among us can live with the consuming fire? Who among us can live with everlasting flames?" Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz; tranbleman fin sezi enkwayan yo. Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay? “Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tou tan an?”
15 The one who walks righteously and speaks what is right, who rejects gain from extortion and keeps his hand from taking a bribe, who stops his ears to plots of bloodshed and shuts his eyes to evil, Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.
16 this is the one who will dwell on the heights, whose refuge will be the mountain fortresses; his bread will be given to him, and his water will not fail. Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
17 Your eyes will see the king in his beauty; they will see a land that stretches far away. Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li. Yo va wè yon peyi ki byen lwen.
18 Your heart will ponder the former terror: "Where is the one who counted? Where is the one who weighed the tribute? Where is the one who counted the towers?" Kè ou va medite sou gwo laperèz la. “Kote sila ki te konte a? Kote sila ki te peze a? Kote sila ki te konte fò yo?”
19 You will no longer see those insolent people, a people whose speech is too strange to follow, stammering in a tongue you cannot understand. Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs, yon pèp ak langaj dwòl ke ou pa konprann, a lang bege ke pèsòn pa konprann.
20 Look at Zion, the city of our appointed feasts! Your eyes will see Jerusalem, a peaceful home, a tent that will not be moved, whose stakes will never be pulled up and whose cords will never break. Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo. Zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub, yon tant ki p ap bezwen pliye. Pikèt li p ap janm rache, ni kòd li yo p ap chire.
21 But there our Father in his majesty will be for us a place of broad rivers and streams, where no galley with oars can go and no mighty ship can pass. Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste, yon kote ak rivyè ak gwo kanal, sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase, ni gwo bato p ap janm pase la.
22 For our Father is our judge, our Father is our lawgiver, our Father is our king; he will save us. Paske SENYÈ a se jij nou. Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. Se SENYÈ a ki wa nou. Se Li menm ki va sove nou.
23 Your rigging hangs loose: it cannot hold the mast in place or keep the sail spread. Then an abundance of plunder will be divided, and even the lame will carry off the spoil. Kòd vwal nou yo vin lach. Yo p at ka soutini baz ma bato a byen, ni kenbe vwal la gran ouvri. Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize. Sila ki bwate a te pran piyaj la.
24 And no one living in Zion will say, "I am sick"; the people who dwell there will have their sin forgiven. Pèp peyi a pa p di: “Mwen malad”. Moun ki rete la yo va padone pou inikite yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]