Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Look, a king will reign in righteousness, and rulers will govern with justice. Gade byen, yon wa va renye ak ladwati e prens yo va renye ak jistis.
2 Each will be like a shelter from the wind, a refuge from the storm, like streams of water in a dry place, like the shadow of a great rock in a weary land. Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
3 Then the eyes of those who see will not be closed, and the ears of those who hear will listen. Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle; zòrèy a sila ki tande yo, va koute.
4 The hasty mind will understand knowledge, and the stammering tongue will speak readily and clearly. Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite, e lang lan a sila ki bege a va pale klè.
5 No longer will the fool be called noble, nor the scoundrel said to be honorable. Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens; ni rele vakabon, moun bon kè.
6 For the fool speaks foolishness, and his heart plots evil: to practice ungodliness, to speak lies about our Father, to leave the hungry with nothing and to deprive the thirsty of drink. Paske moun fou a pale foli, e kè li apiye vè mechanste: pou fè sa ki kont Bondye e pale mal kont SENYÈ a, pou kenbe moun grangou a san satisfè, e pou anpeche moun swaf la bwè.
7 The scoundrel's weapons are evil; he devises wicked schemes to destroy the poor with lying words, even when the needy pleads his case justly. Pou vakabon an, zam li se mechanste. Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
8 But the noble person plans noble things, and by noble things he stands. Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; epi pa bèl plan an, ap kanpe.
9 You complacent women, rise up and hear my voice; you carefree daughters, listen to what I say. Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen! Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.
10 "In little more than a year you will tremble, you carefree women, for the grape harvest will fail, and there will be no gathering. Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble, O fi ki san pridans yo; paske, afè fwi diven an va fini, ni rekòlt la p ap rive.
11 Tremble, you complacent ones; shudder, you carefree ones! Strip yourselves bare and put mourning clothes around your waists. Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.
12 Beat your breasts for the pleasant fields, for the fruitful vine, Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo, pou chan ki plen ak fwi rezen yo.
13 for the land of my people, where thorns and briers grow up; indeed, for all the houses of joy in the jubilant city. Anplispou peyi a pèp mwen an, kote pikan ak raje va pouse monte; wi pou tout kay plen ak jwa yo ak gran vil kè kontan yo.
14 For the palace will be abandoned, the bustling city deserted; the hill and the watchtower will become bare places forever, a delight for wild donkeys, a pasture for flocks, Paske palè a vin vid, e gran vil plen moun yo vin abandone. Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, yon plezi pou bourik mawon, yon patiraj pou bann mouton yo;
15 until the Spirit of our Father is poured out on us from on high, and the wilderness becomes a fruitful field, and the fruitful field is regarded as a forest. jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo, epi savann nan vin fè yon chan fètil, e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.
16 Then justice will dwell in the wilderness, and righteousness will remain in the fruitful field. Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a e ladwati nan chan fètil la.
17 The work of righteousness will be peace, and the result of righteousness, quietness and security forever. Epi zèv ladwati a va lapè, e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans k ap dire jis pou tout tan.
18 My people will dwell in a peaceful home, in secure dwellings, in undisturbed resting places. Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè, ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.
19 Though hail flattens the forest and the city is completely leveled, Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.
20 blessed are you who sow beside all the waters, who let the ox and the donkey range freely." A la beni nou va beni, nou menm ki simen akote tout dlo yo, ki lage pye bèf ak bourik la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]